Ou gen yon kesyon? contact.esv@educationsansviolence.com

whatsapp


FÒMASYON "MONTESSORI"

Fè pitit ou fò lekòl trap 2


« Klike la pou w mete fomasyon an nan panye w »

Prezantasyon fòmasyon an

Nan fòmasyon sa a, nou ap montre w kijan pou w bay pitit ou yon anviwonnman ki pou fèl fò lekòl, kit li nan gwo lekòl ou ti lekòl, kit ou Ayiti ou lòt bò dlo. Etap pa etap nap akonpaye w nan fòmasyon sa pou w mete kanpe yon pwogram ki pral devlope entèlijans pitit ou an nan matematik.


Ak 10 min pa jou, oubyen youn ak 2 fwa pa semèn, gras ak sa wap aprann nan fòmasyon sa a, wap kapab pèmèt pitit ou vinn fò lekòl.


Kit ou an Ayiti, USA, Chili, Brezil elatriye, pwogram sa a ap ede w mete premye wòch, ki pou konstwi entèlijans pitit ou a. Nap montre w kijan sibtileman pou w rantre pwogram sa a nan fason wap òganize w nan kay la, pou pitit ou a ka gen fasilite pou l aprann. Plis timoun sa a ap gen fasilite pou l aprann, plis timoun nan ap vinn fò lekòl.


Fomasyon sa yo se pou paran ki gen timoun:


ki gen sòti nan 2 lane pou rive 6 lane ke paran yo swete bay bonjan baz pou yo kapab fò lekòl.


Li pou paran tou ki gen timoun ki gen ant 6 à 8 tan kipa konprann notion yo nan mathematique. Ke paran an, ta swete remete baz yo.


Pou pwofesyonèl ki konn gade timoun


Pou pwofessionèl ki travay lekòl



Men kisa wap gen chans aprann fè nan 7 modil fomasyon mathematik la.

Pou w koumanse nap fè yon rale vini sou aspè teyori fòmasyon an. Nap esplike w poukisa ou dwe bay pitit ou a bonjan baz avan menm li al lekol ?


Modil I

Kijan ak kisa wap bezwen pou w mete pwogram sa sou pye lakay ou


Modul II

Kijan ou pral oganize w pou w fè pwogram sa a ak pitit ou a menm si ou pa gen anpil tan ?

Anplis de modil sa a, wa p gen yon antretyen ak Clerna ki pral ba w fason pou w adate òganizasyon w lan an fonksyon de sitiyasyon paw la menm.

Kijan pou w fè yon prezantasyon Montessori

Woule ak dewoule tapi


Modil III

Nan modil sa nap montre ou kijan ak ki materyèl ou ka montre yon timoun konte ak fè kalkil depi lè li gen 2 zan


Modil IV

Na p aprann ou teknik pou ou ka fè pitit ou konen epi distenge chif pè ak chif enpè.


Modil V, VI, VII

Modil sa yo ap montre w kijan pou ou aprann pitit ou fè adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon epi divizyon ak gwo chif. Lap montrew ki materèl ak ki teknik pou ou itilize pou aprann pitit ou depi lè li gen 4 lane fè adisyon ak retni epi kijan pou li poze tout operasyon yo sou papye. Pandan nap itilize materyèl Montessori ki fèt pou sa.


Kisa nap bay nan fomasyon an ?

• Wap gen aksè pandan 6 mwa ak videyo fòmasyon an

• Wap gen yon dokiman pedagojik ki pou edew fè kèk aktivite ak pitit ou

• Wap entegre yon gwoup facebook kote wap kapab echanje ak tout moun ki menm jan ak ou pran fòmasyon an. Wap kapab poze tout kesyon ou genyen sou gwoup sa a.

• Wap kapab anplis jwenn èd ak konsèy pou ka rive fè pwogram sa ak pitit ou

• Wap jwen tou plizyè « vidéo bonus » ki pou aprann ou fabrike kèk nan materyèl wap bezwen yo si ou pa ta gen posibilite achte yo.


Ou pa gen kat de kredi?

Ou ka peye fòmasyon an, an goud. Pou fè sa wap depoze kòb la sou yon kont an goud nou genyen an Ayiti.


Apiye sou ekriti ble a, pou w ka ekri nou sou whatsapp. Nap edew kreye youn.

APIYE LA A POU W KA EKRI NOU SOU WHATSAPP

Temwayaj ak entèaksyon nou ak kèk paran ki ap swiv


fòmasyon matematik la

Rebecca Lafontant

Mwen t participe nan formasyon ou t fè sou metòd Montessori a mpa k chè diw mpa regret yon minute nan titan mw t pran poum swiv li a malgré temps an pat bon jou sa. Mw gen yon ti moun 13 mois méthode la pèmèt mw pi byen fòmel lakay mw telman m wè jan li byen evolye. Mw di fòk mw gen possibilité poum paticipe nan lòt fòmasyon wap fè yo peye ou gratuit paske mw pap metel nan garderie c ou map swiv. Et se pas sèl fòmasyon an ki edem tout ti vidéo ou yo edem. Mw vrèman apresye travay ke w ap fè pou tout paran yo. M ap di w kenbe rèd pa moli nan sa w ap fè a. Mèsi anpil.

Group swivi fòmasyon matematik

Swiv nou sou rezo sosyo sa yo pou w ka rete

konekte ak nou:

Copyright 2020 - Education Sans Violence- All Rights Reserved