Ou gen yon kesyon? contact.esv@educationsansviolence.com

whatsapp

PACK FÒMASYON PWOFESYONÈL

PEDAGOJI AKTIV (MONTESORI AK LÒT)

« Klike la pou w mete fomasyon an nan panye w »

Prezantasyon fòmasyon an

Nan fòmasyon sa a, nou montre w kijan pou w transfòme klas oubyen lekòl ou a, an yon anbyans Montessori san w pa bezwen gen gwo mwayen.

Nou montre w tou itilize nouvèl pedagoji aktiv ak modèn yo itilize nan lekòl ki nan gran peyi yo

Wap jwenn nan fòmasyon entansif sa a

  • Kou an liy pandan 3 semènn

  • Fòmasyon an dirèk pandan 5 jou sou zoom

Avèk 2 fòmatris:

Sena Chafeddine

Se yon Fransèz

Ki gen yon metriz nan Syans Ledikasyon

Ki gen 7 lane esksperyans kòm profesè nan

Edikasyon Nasyonal nan peyi Lafrans.

Ki gen yon espesyalite nan timoun ki fenk rantre lekòl

Li aktyèlman nan fòmasyon pou l vin Mèt Fòmatris

Sena Chafeddine

Clerna Louis Jeune

Clerna Louis Jeune

Se yon Fransèz

Ki gen yon metriz nan Syans Ledikasyon

Ki gen 7 lane esksperyans kòm profesè nan

Edikasyon Nasyonal nan peyi Lafrans.

Ki gen yon espesyalite nan timoun ki fenk rantre lekòl

Li aktyèlman nan fòmasyon pou l vin Mèt Fòmatris

Se yon Ayisyèn

Ki gen plis pase 8 lane depil lap travay nan Edikasyon Nasyonal nan peyi Lafrans. Li se Edikatris ak Fòmatris Montessori, ki te jwenn chans fòme pa yon fòmatris AMI (Asosyasyon Maria Montessori te kreye li menm, menm nan).

Madam Louis Jeune Se yon Ansyèn Direktris yon lekòl Montessori nan peyi Lafrans.

Li se Prezidant Fondatris Edikasyon san Vyolans

Men dewoule Fòmasyon an

Premye pati

1- Fòmasyon Lekti a: Yon timoun pa dwe kite matènèl san l pa byen konn li

2- Fòmasyon Matematik la: Gen anpil nosyon timoun yo pa metrize nan primè si yo te koumase depi nan matènèl ak yo kòm sa dwa bagay sa yo tap jwèt timoun pou yo.

3- Vi pratik Montessori: Lekòl la dwe kontribye nan ede paran yo devlope konpetans ekzekitiv timoun yo. Kise baz lentèlijans.

Dezyèm pati

1-Kòman pou w prepare yon pwogram pedagojik anyèl

2-Kijan pou w prepare yon sekans

3-Kijan pou w monte yon seyans

4-Kijan pou w prepare yon metòd evalyasyon ki chita sou filozofi edikasyon pozitiv

Twazyèm pati

1- Òganizasyon jounen tip nan yon klas Montessori ( akèy/ kantin/ dòtwa/ aprèmidi/ espò/elatriye)

2- Òganizasyon jounen tip nan yon klas ki itilize pedagoji aktiv yo (ke lekòl nan gran peyi yo itilize, ki pa nesesèman Montessori)

3-Kouman pou w ranje yon sal klas (afichaj, wòl chak espas)

4-Jesyon klas san baton, rele ak fache ( pa egzanp jere yon gwoup ki plis pase 30 elèv nan yon klas pou kont ou)

5- Kijan pou w fè tout elèv yo fò ak renmen lekòl

Pou w jwenn sètifika w ap gen yon evalyasyon kontini

1- Prepare yon pwojè an gwoup

2- Prepare yon pwojè endividyèl

3- Evalyasyon oral sou fomasyon an, nan globalite l

Men kijan ou ka peye fòmasyon an:

💥250 euros si w gen kat de kredi pou w peye direkteman sou platfòm nan

Apiye la a pou w peye ak kat de kredi

💥300 dola ameriken (sou kont dola Sogebank nou an)

Nom du Compte: Yveton Louis

Numéro du compte: 38-1106-472-8

💥35 000 gdes ( depoze sou kont an goud Sogebank nou an)

Nom du Compte: Yveton Louis

Numéro du compte: 38-0113-031-5

Fòmasyon an ap koumanse 16 out enskripsyon ap fini 15 out minwi.

Apiye sou ekriti ble a, pou w ka ekri nou sou whatsapp pou plis enfomasyon

APIYE LA A POU W KA EKRI NOU SOU WHATSAPP

NB: Fòmasyon sa a se yon fòmasyon kontini pou w patisipe wap bezwen gen eksperyans deja nan anseyman.

Temwayaj pwofesyonèl ki swiv

fòmasyon ak nou

Temwayaj paran ki swiv

fòmasyon ak nou

Rebecca Lafontant

Mwen t participe nan formasyon ou t fè sou metòd Montessori a mpa k chè diw mpa regret yon minute nan titan mw t pran poum swiv li a malgré temps an pat bon jou sa. Mw gen yon ti moun 13 mois méthode la pèmèt mw pi byen fòmel lakay mw telman m wè jan li byen evolye. Mw di fòk mw gen possibilité poum paticipe nan lòt fòmasyon wap fè yo peye ou gratuit paske mw pap metel nan garderie c ou map swiv. Et se pas sèl fòmasyon an ki edem tout ti vidéo ou yo edem. Mw vrèman apresye travay ke w ap fè pou tout paran yo. M ap di w kenbe rèd pa moli nan sa w ap fè a. Mèsi anpil.

Ou pa lage pou kont ou

Gen yon group swivi pou chak fòmasyon

sa a 👇🏾 se pou fòmasyon matematik

Swiv nou sou rezo sosyo sa yo pou w ka rete

konekte ak nou:

Copyright 2020 - Education Sans Violence- All Rights Reserved

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipisicing elit. Autem dolore, alias, numquam enim ab voluptate id quam harum ducimus cupiditate similique quisquam et deserunt, recusandae.